Lady_kasyon nasyon_mal : Yon tèks radyografik !!
- Hakim7
- 24 sept. 2019
- 2 min de lecture
Zack-D Slac kanmarad ki soti Eslamounizasyon an, Djhailly Mots-arts ak Joe-Koby se twa atis Leyogàn ki mete plim yo ansanm pou pase yon sektè enpòtan nan lavi ak lavni yon peyi nan reyon iks. Twa mesye sa yo deside itilize kanal tèks ak mizik pou akouche yon eslam (yon tandans ki rive sou anpil jèn nan Leyogàn an patikilye men tou nan peyi a an jeneral) wòdpòt.
Nou fè remak yon anglisis ki glise depi nan tit tèks la (Lady an anglè ki vle di dam ou demwazèl) yon jan pou atis yo limen yon pwojektè tou klere sou jèn fi ki non sèlman neglije etid yo nan kesyon fè tout kalte estil fachonn, ouvèlekò ak bòdègèt men tou lage kò yo de je fèmen nan bra direktè gwopo, malpouwont, san etik ki pa neglije rantre nan tout kalte zak seksyèl ak yo devandèyè.
Fenomèn baliboulova, lesegrennen jouk mayi mi sa, fè sosyete a vin ap envante lòt fon pou fouye kò l pi plis toujou chak fwa nou panse l atenn yon fon. Mesye yo pa sèlman pale de detounman ak chawatizasyon medam yo nan ledikasyon isit, yo vide yon lapli pawòl tou nan dengwenn leta (atravè Ministè levasyon nasyonal) kote san ankenn vizyon reyèl, san ankenn etid serye alavans, ministè levasyon fè yon mouvman chimanomanay, yon travay kopipas, kote yo kalke yon sistèm nouvo segondè rpi lage l nan fal lajenès san filtè san ankenn preparasyon. Nouvo sistèm sila, selon jan l devlope nan tèks la, pa yon move lide nan li menm men pito nan jan yo aplike l pa bò isit kote okenn estrikti pa mete anplas (Pwofesè yo pa fòme pou sa y ap fè a, pa gen okenn laboratwa pou kèk kou ki mande sa Tankou fizik ak chimi).
Nan kokenn tèks sa, Zack-D rete egal ak li menm ak menm chan leksikal nou konnen l genyen an, kote l limen yon digèt nan yon pawòl-zak denonsyasyon nan fistiwonn leta pou li pran men l. N ap dekouvri tou Djhaily Mots-Art) yon kokenn atis ki boure ak talan nan jan l marande mo yo ak jan l di yo tou sa ki fè l gen yon idantite pwòp nan mitan lòt atis eslam yo.
Nou pa p bliye atis moman an nan Yogann : Joe Koby ki non sèlman fè gita a depale sou mizik sa men tou ki fè yon refren tèt chaje. Atis sila gen yon kokennchenn konsè l ap òganize nan lakou Leyogàn nan Merabel Plaza kote l ap gen yon gwo tonton atis kòm envite donè : Robinon Auguste, prezans ou ap enpòtan pou li anpil. (Paj kontak Joe Koby pou plis enfòmasyon : https://web.facebook.com/joanebenkovsky.bocage?fref=search&__tn__=%2Cd%2CP-R&eid=ARDBpOYn_iO14z_GriKsKdxMTqlLwc2RRHkCyIGO-Rwy6AfGxeynpAQNW_5n6aVyI9L9CmD5UD2eScL9
Mwen senpman rete pou m ankouraje nou al koute kokenn tèks sila epi pou n fè lide pa nou sou li. (Link n ap jwenn mizik sila: https://youtu.be/iQAAFt4D-y0?fbclid=IwAR1WhUO8EnseqhFcrzilpx94Az5_oN4YxMInqWzCtcIKOafboCvME2fJfFw
Comments