top of page

Eslamounizasyon : Yon pwojè MOUN !

  • Photo du rédacteur: Hakim7
    Hakim7
  • 21 déc. 2018
  • 3 min de lecture


Vil-rèn nan pa t deside dòmi menm pou ane 2018 la sitou nan sa ki gen pou wè ak pwezi, ak pawòl-nanm, mo pou fè moun vin MOUN.

Apre Revè lanmou (Mas 2018) avèk Fabien S.A, Rèv Avèg (Avril 2018) avèk Djim Impeccable, Pàn Papa (Jen 2018) avèk El Rey Henry, se te kout pa Zack-D/Sla_C pou l te ponn pwojè pa l la :ESLAMOUNIZASYON.

KIYÈS KI ZACK-D SLA_C ?

Zackary Dessources se non kokennchenn powèt-eslamè, koutirye-estilis, pwofesè antreprenè sila. Jenn powèt sila wè jou nan mwa Dawout. Kanmarad Zack-D se pitit plizyè manman, Kafou fè l wè jou, Benè ba l tete epi Pòtoprens ba l levasyon san konte Leyogàn, vil-rèn nan akeyi l ak de bra louvri, pa tankou yon etranje men tankou yon mèt kay ki pa t la.

Se te samdi 15 desanm ki sot pase la, Powèt-eslamè, estilis la rive pèmèt gwo bout tonton pwojè mixtape li a ateri.

Nan fondalnatal zèv sila, nou jwenn plizyè chelèn tèks kote pwezi sèl chèf ap danse kavalye pòlka ak yon seri figi estil, imaj wololoy nan yon estil apa kote se sèl powèt la ki gen sekrè jan l ap depoze epi aliye chak grenn vè ak kèk mo ki ka tingting kèk zòrèy papye aliminyòm, nan pwezi-eslam li yo, kote rime vin pa yon obligasyon pou tèks la agreyab pou zòrèy fen k ap pran bon son ak pawòl pou nanm.

Gade Tifi, ki plase an dezyèm pozisyon sou pwojè a se yon eslam-konsèy-mizangad pou jenn fanm ayisyen yo pou yo pa kite « plezi ak foli yo trennen yo ». Nan tèks sa, pwofesè edikasyon sitwayen an fè plim li tounen yon zepeng titèt pou liminen zòrèy ak sèvèl tout jenn fanm « pou pi devan devan yo pa pran plas tèt yo ». Tèks sila pote konsèy nan tout kòl : « Al lekòl ou, pa vann kò ou, kenbe tèt ou, kraze bèt ou, demen pou w pa regrèt ».

MO-DI, se twazyèm track sou pwojè a. Zack-D envite yon lòt powèt-kanson, Djim Impeccable, pou vin ride l. Tèks sila se yon tèks-sosyal-rivyè kote se pawòl k ap koule san rete, kote anpil mo ap vide san gradoub, san graj nan fistiwonn politisyen, ak sistèm pezesouse k ap djayi kòl nan peyi isit. Anpil mo di menm si pou kèk zòrèy papye fen, anpil mo di (rèk).

Nou pata ka pale de mixtape sa, san nou pa lonmen non kokenn track sila ki se Sen Petwo, kote nan yon semantik-powetik-metaforik, powèt la prete nan yon chan leksikal eklezyoloji ak eklezyastik yon vokab (sen) pou li abiye yon reyalite toutouni (Lajan Petro Caribe a ki fè fon). Powèt la pran tan li ak san li pou li byen pase chak mo-fil nan zegwi metaforik ak metonimik pwezi pou li trase yon itinerè, san konte kreyasyon e an menm tan kanonizasyon yon nouvo sen, tou sa pou mande tout mimimyaw ki gen dwèt long siperyè yo tranpe nan vòl la : KOTE LAJAN PETRO CARIBE A PASE ? Se youn nan tèks ki pi reyisi sou mixtape la.

Rach, se non sa senkyèm track pwojè a pote, se yon tèks sosyal kote KYMI ak MALCOLM ede Zack-D bay grangou, enjistis, koripsyon, yon makòn kout rach pou fè dwa moun kòmanse respekte e pou chak moun k ap penpennen nan peyi a rale yon souf.

Pami tout chelèn-tèks ki gen nan pwojè a nou pataka kontinye san nou pa fè yon ti pale de Motivasyon, atis la pataje tèks sila ak Top Premice ak Mika Bon Grenn. Li plase an sizyèm pozisyon. Se yon boul lò ankourajman-detèminasyon pou chak moun tande, pou remete yo sou wout pasyans ak pèseverans paske nou chak « gen twòp rezon pou n viv, nou paka kite neglijans kreve n » e fòk chak fanatik Zack-D pa bliye « Pou yo aprann kouri dèyè yo pou yo ka rejwenn yo »

Booster (Eslamounizasyon), se non track sila kote powèt la envite 7 powèt vin ede l fè MOUN fè eslam pou eslam ka fè MOUN. Li plase an 10è pozisyon sou pwojè a.


Pwojè a sèlman gen tèks konsèy ak tèks sosyal, gen yon tèks lanmou, makout Li chaje pwezi pi mal pase Lapolòy ki pote non Ou Se (tèks sila an 7e pozisyon sou mixtape la). Atis la pataje tèks sila ak yon kokenn powèt-fanm ki gen pou non plim, Doura La Folle. Mwen envite nou rense zòrèy nou.

Boutofen, ESLAMOUNIZASYON se youn nan pi gwo sinon pi gwo tonton pwojè eslam pou ane a. Yon pwojè sosyal, yon pwojè MOUN, yon pwojè pou ede moun vin MOUN ak eslam.

Mwen ankouraje tout jenn nan laj ak nan lespri pou achte mixtape sila e pran tan yo ak san yo koute chak grenn pawòl.

Yon gwo kout plim pou Zack-D Sla_C (yon eslamè konsyan ) ! Anpil respè ak pozitivite pou ou !


Hakim7

コメント


Post: Blog2_Post

509 43776924

©2018 by Kout Plim Pa m. Proudly created with Wix.com

bottom of page