top of page

El Rey Henry : Yon wa nan site rèn nan!

  • Photo du rédacteur: Hakim7
    Hakim7
  • 21 déc. 2018
  • 2 min de lecture



Leyogàn soti pou vòlò lamayòl Vil-pwezi a nan men Jeremi, tèlman gen bon grenn k ap pouse pasi pala.

Ou konn tande pale de Pàn Papa (3e pwojè eslam ki te soti nan Vil-rèn nan) ? Si w konnen l, se san yon lonbray dout ou konn otè demo a, si w poko konnen l, kite m prezante w, EL Rey Henry !

El Rey Henry, se non atis Sheston Fernandez Henry, ki se yon powèt-eslamè, enjenyè ki wè jou yon 18 septanm. Kokenn gason-kanson sila se manm fondatè Gwoup ASID, li patisipe tou nan plizyè rekèk kolektif tankou « Anndanm », « Penso mo », elt.

Se kanmarad sila ki pibliye mixtape ki gen pou tit Pàn Papa kote li mete youn nan pi gwo chay lavi li devan pye piblik li pou li fè, jan l renmen di : Yon feblès tounen yon fòs ».

Pàn Papa se yon demo ki soti nan yon reyalite ki tanpe kanmarad la jouk nan zo : Jou papa l te deside bandonnen l.

Pàn Papa se youn nan track ki charye yon makòn fòs ak emosyon sou pwojè a, kote powèt la touche kè nenpòt moun ki gen tout karakteristik moun e ki gen kè. Nan tèks sila powèt la montre kijan pati papa l tou kowenside ak yon gwo mòn soufrans ki anvayi lavi l san mande pèmisyon men nan tèks sila tou, eslamè a tou sèvi ak chagren epi soufrans papa l kite a pou l tou montre tout enpòtans manman l genyen nan je. Se pou rezon sila menm ki fè powèt la bay tèt li non El Rey Henry (Wa Henry) paske selon li, manman l se yon rèn.

Nan pwojè Pàn Papa, gen lòt track ankò tankou, « M Make », “Wout la” ak “M pap tire X”, se yon kokenn pwojè eslam kote, nan yon estil slow ki pwòp ak li menm, powèt la pentire chak grenn mo nan chak pawòl pou bay tout fanatik li yo yon pil ak yon makòn konsèy san konte eksperyans li pataje ak yo.

Anvan pwojè demo a, El Rey te deja soti plizyè eslam tankou « Mèsi kè m », Kreyòl Kwochi ak Djim Impeccable (De eslamè sila yo fòme Duo majik la).

El Rey pa sèlman fè eslam-pwezi, kanmarad la konte montre tout longè, lajè sèvèl li ak talan l paske anvan lontan, li gen pou li soti yon rekèy nouvèl ak yon rekèy kont tou pami tout lòt pwojè li genyen yo.

Kounya, si w ap pase yon kote ou tande El Rey Henry ! Pa bliye reponn « Gen lè travay gen tan ri » !

Yon gwo kout plim pou ou kanmanrad !

Anpil respè ak pozitivite pou ou !

Hakim7

Comments


Post: Blog2_Post

509 43776924

©2018 by Kout Plim Pa m. Proudly created with Wix.com

bottom of page