Djim: yon fenomèn "Impeccable"!
- Hakim7
- 15 nov. 2018
- 3 min de lecture
Ou nan Lwès la (sitou nan Leyogàn)? Epi ou pa pa konn Djim!!?
Djim Impeccable se yon eslamè-powèt-dizè ki wè jou nan vil-rèn nan, Leyogàn yon premye Janvye. Tankou yon siy lanati (premye jou nan premye mwa e donk nan ane ki fenk ap parèt la). Bon non l se Idi M. Jean Bedel.
Jenn fiti avoka sa pa la sèlman pou l defann kliyan lè yo vini pou sa, li itilize plim li, ak bouch li pou l defann tèt li fas ak lavi a lè l soti pou akize l ak pou l bouskile l nan fondè lanmè enkoyerans ak inyorans .
Kanmarad la ap evolye nan Gwoup ASID (Groupe d'activité socio-culturelle et intellectuelle pour le développement), yon estrikti ki rasanble yon pil ak yon makòn jèn talan nan plizyè domèn atistik.
Non Djim nan se rasanbleman inisyal chak lèt non li (D- pou Demorcy, J-pou Jean-Bedel, I-pou Idi epi M-pou Mohamed).
Powèt sila non sèlman tòde mo yo jan l pito, li vire yo devan dèyè jou k li rive soufle enèji nan nannan yo, pou ba yo fòm, men tou, li plante yon moso pwezi nan kè yo chak, yon mannyè pou mete kèk gout sewòm pwezi-imaj-bèlte nan zòrèy chak grenn oditè vye mizik zoupenzoup, wololoy yon pil ak yon paket boukong ekri, fin dezidrate.
Djim patisipe plizyè fwa nan emisyon Slamorap nan ribrik LE RING kote li mete yon rekò pyès lòt ni anvan l ni apre l poko ka retire (3 viktwa, youn kole ak lòt).
Jèn potorik kanmarad sila deja soti yon demo ki pote non Rèv Avèg, (ki gen 5 tit, yon intro ak 4 lòt track)mwen envite nou al rense zòrèy nou
(n ap jwenn li sou lyen sa : https://soundcloud.com/kalepwa/sets/djim-impeccable-rev-aveg-demo-)
Djim trete yon valè tèm, soti nan lanmou, pase pran lanmò, motivasyon rive nan pil traka limanite ap valse ladan yo.
Pale ak Djim de lanmò, de destine moun nan lavi sa, l ap di w : Lavi banm bwat a kondisyon lanmò pou m remet sim nan".
Yon pil ak yon pakèt jèn gason ap valkande, drivaye, vejete, vivote nan peyi a,menm si leta pa di yo pip tabak, powèt Djim ap di yo "Pran kouraj" menm si lavi ak « lavni yo pran kanntè », pou yo pa bouke batay, "Pou akoupi pa fè yo panse yo kanpe" paske "Lavi pa bay jòf menm lè l toutouni".
Powèt la abiye chak reyalite li viv ak pwezi, ak mo, jou k li rive ba yo nanm ak yon fòm wòdpòt, nan 3e track sou demo a(e ki pote non tit demo a), Djim, nan yon pwozopope ekstraodinè vide kèk vè nan gojèt eksperyans konsa:
Vi m pa brouyon, tanpri eksperyans, pa ekri l ak kreyon".
Pou moun lavi a pa sispann fè yo reflechi, pou yo pa tonbe nan yon vid, yon twou san fon, sila yo k ap laloz sou fil kasèt, k ap jwe marèl nan labou move lavi, ki deside kenbe tèt yo ak kolòn vètebral yo drèt kou ke makak, Djim fè yo konnen, menm si sa ta bay tèt vire, fòk yo pa sispann panse pou panse maleng peyi sa paske: "Tèt fè mal pa kwochi refleksyon.
Pou sila yo ki panse yo pa kanmarad pyès lòt oubyen yo se sèl mèteseyè men ki bliye yo se esklav 3L yo (Lanmou, lanmò,Lajan), Djim voye di yo menm si l :Kouri twòp pou moun k ap rejwi nan bouke l, pyès moun pa dwe janm bliye: RÈV YO PA RESTAVÈK SOMÈY!-
Pou jan l lestekè, jan l maton ak lepingad nan jongle mo, abiye fraz, jan chak ekspresyon tonbe tenmpla w, Vil-rèn nan ka kontan paske l posede yon kokenn fenomèn konsa.
Mwen envite chak grenn lektè al dekouvri kokenn eslamè fenomenal sila.
DJIM IMPECCABLE LI YE, FÈ BYEN POU TOUT MENM SI ENPE KA BLIYE!
Hakim7

Comments