Nou refize nou
- Hakim7
- 13 nov. 2018
- 3 min de lecture
Depi kèk tan bò isit, gen yon dividal abse k ap monte sou yon pil ak yon makòn klou sosyete nou an te deja genyen nan tout kòl.
Kèlkeswa linèt ou mete pou gade sosyete ayisyèn nan, ou toujou tonbe tenmplaw sou menm konklizyon an : Nou malad jouk nan mwèl , maleng nan fon e l ap kangrennen chak jou pi plis.
Menm si pyebwa pwoblèm peyi a fin grandi e fin layite branch li nan tout domèn, toupatou, rasin pyebwa sila pa chanje e li rantre byen fon nan tè men tou e sitou nan listwa kolonyal nou.
Nan kòmansman 19è syèk la, yon kokenn save, yon gason kite wè pi lwen pase pwent nen l, doktè Jean price Mars, te foure je l byen fon nan pwoblèm sila nan yon liv wòdpòte li te ekri ( Ainsi parla l’oncle) kote l te pran plim li pou l di : « An nou rete nou menm jou k nan zo, jouk nan mwèl e tout otan n kapab .» Pawòl sila montre san twòp madigridji, gwo doktè a te idantiifye pwoblèm sila k ap fè n anpil mal : Nou refize nou !
Chanje koulè
Youn nan fenomèn ki montre klè kou dlo kokoye nou pran desizyon (konsyan e enkonsyan) ak tout fòs kouraj, pou nou tout lòt bagay sof nou menm, se fenomèn chanje koulè a.
Nan yon premye tan, lide ki monte nan tèt nou ki fèn twouve n twò nwè, twò chabon, nen nou twò laj, elatriye, gentan montre san yon kras lafimen , nou pa renmen tèt nou , nou pa twouve n bon jan nou ye a, nou gen yon fil zaranyen ideyal ki koud nan tèt nou e ki fèn kwè men kisa k bèl men kisa k lède jan nou aji a montre a klè nou pa plase tèt nou nan premye kategori a.
Nan yon dezyèm tan, nou rive idantifye yon lòt tiwa ki genyen nan bifèt chanje koulè a, se tiwa mantal la ;anpil fwa, gen moun ki pa deside rantre nan desen chanje kou lè fizikman an , men nan aksepte tout kalte lide lakansyèl kòm kwa paka gen ankenn gwo ak bon lide ki soti nan tèt yo, kididonk, si yo pa repete rès pawòl anba bouch entèlektyèl kòl lanvè oswa moun yo rele gwo syantifik yo, yo paka pale , yoo paka panse e dezyèm kategori a, ki se moun ak sèvo lakansyèl yo, sèvo agranman yo, se yo ki pi danjere paske yo pi difisil pou idantifye…
Gen yon pakèt lòt ajisman ki ale nan menm sans lan tankou si yon moun pa pale lang kolon an, kit se franse osnon angle, nou tou bal etikèt li pa konn pale, li pa konn kominike komsi pale ak kominike se nan lang (sa yo) sa chita.
Nou kapab ale pi lwen toujou pou nou wè ak konprann kèk reyalite.
Si nou fè yon frennen sèk sou abitid anpil moun , sitou jèn adopte kounya, kesyon selfi a, kote tout lajounen tout lannwit, jèn gason kou jèn fanm lage kò yo nan fè foto toupatou, men se pa paske n vin gen yon sosyete fotograf ki pwoblèm nan men se sa ansanm abitid ki mache ak pratik sa trennen dèyèl tankou telechaje yon makòn aplikasyon ki swadizan la pou pwòpte foto yo, kididonk, moun nan mèt fin benyen abiye byen pwòp, depi l fè yon foto, anvan l poste l sou yon rezo sosyal oubyen voye l bay yon zanmi, fòl pwòpte l, sa vle di fòl eklèsi,chanje koulè kèk pati nan foto a, mete kouch penti sou li…
Nan sans sa, foto a vin tounen yon degizman anplis pil sa n déjà genyen nan sosyete a, san kontte ipokrizi yo trennen dèyè yo.
Boutofen m ap di, malgre tout mas ak degizman sosyete a ap sere anba tete l, kit se moun ki pa gen pyès nesesite osnon maladi je ki lage kò yo nan met linèt swa paske yo wèl nan televizyon osnon paske yo vle fè tèt yo pase pou tout lòt bagay sof tèt yo.
E m pap sezi wè pou eleksyon k ap vini yo la nou chwazi yon lidè ki pa sanble nou, sa vle di ki pa gen menm nen laj, bouch pwès avè n e k ap pale koze pou chanje kondisyon vi nou tout bon, e rezon an senp : NOU REFIZE NOU !
Hakim7

Commentaires