ASID: 6 zan!!!
- Hakim7
- 19 nov. 2018
- 2 min de lecture
Se te nan yon anbyans kòkòday, fratènite ak lakontantman Gwoup ASID sot fete 6 lane egzistans li, jou ki te samdi 17 novanm 2018 la nan lakou « Kay Agwonòm » (Forêt des manguiers), kòm antite kiltirèl k ap evolye nan site rèn Anankawona a.
Gwo koudjay selebrasyon sa te rive posib gras ak tèt ansanm epi angouman chak grenn manm gwoup la te genyen. ASID ki se akronim (Activité Socio-culuturelle et intellectuelle pour le développement) se yon gwoup kiltirèl (ki fè pwezi, eslam, teyat,elt) ki pran nesans yon 13 novanm nan lane 2012 nan mitan tèt yon gwoup elèv filo enstiti Abela nan vil Leyogàn. Non an soti nan inisyal lèt non fondatè li yo ki se Axy Ludric, Sheston F.Henry, Idi Démorcy J.B.M ak Dieudonné Jean-Roldy. Gwoup sila pran lavi apati seyans koudjay kiltirèl, atelye pwezi nan CARL(Centre d’art de Léogane ki se yon antite ki te fòme pa Esaïe Cené ak Stanley Laferière) te pran abitid òganize nan lakou enstiti Abela.
Gwoup A.S.I.D(activité socioculturelle et intellectuelle pour le développement) se yon gwoup jèn (nan laj ak nan lepri) ki gen pou objektif:
Rekanpe eskanp figi peyi a an jeneral e pèmèt chak manm vin yon ajan modèl k ap pèmèt rekanpe eskanp figi zòn kote l ap viv la. Pou sa rive fèt, gwoup ASID konte fè tèt li tounen yon gwoup modèl ki diferan de tout lòt gwoup atravè mesaj, aksyon, pyès teyat, tèks ak lòt mouvman pozitif l ap antreprann.
Pèmèt epanouyisman edikasyonèl ak moral jèn se kèk pami objektif nou kapab li nan manman lwa gwoup la.
Samdi 17 novanm ki sot pase la te gen yon bèl anbyans kòdyalite ak viv ansanm nan lakou Geren, nan vil Leyogàn, kote pwezi te fè kenken. Gwoup la te pwofite envite kèk nan fanatik ki pi fidèl yo pou te vin fete ak li. (Nou kapab reviv kèk ekstrè sou lyen sa: https://web.facebook.com/miterson.gilbertmiterg/videos/2128085563921503/ ).
Malgre tout difikilte, tout kout maltaye, tout kouri bri, Gwoup ASID rete de pye fèm, kinnalaganach pou kontinye afiche yon konpòtman pozitif epi enspire chak grenn moun k ap swiv li afiche menm kalite konpòtman sa tou.
Pami divès pwojè gwoup la ki te pran yon bon ti tan poz genyen nan djakout li, nou jwenn yon pwojè albòm (Mèch Lanp Pwezi !), pwojè liv ak lòt pwojè ankò ki nan tiwa gwoup la pou kòche po 2019 la k ap vini ak tout fòs, tout boulin.
Gwoup ASID deja soti plizyè tèks ki popilè anpil nan site rèn nan, nou kapab site : Nou la (https://dynastyhaiti.com/nou-la-asid/ ), Tan an ap pase, Lavi an Ayiti, Peyi m anpàn(https://dynastyhaiti.com/peyim-anpann-asid/)

, elt
Pou tout dènye enfòmasyon sou gwoup ASID, fanatik li yo dwe ret ap swiv paj fesbouk gwoup la ,pwofite ba nou yon like si w poko fèsa . ( https://m.facebook.com/GwoupAsid/?tsid=0.8689793289367287&source=result) oubyen entegre gwoup whatsapp ASID fan club(fè demann entegrasyon w sou youn nan nimewo sila yo :43776924,38429482,48713402).
Pou konsistans, mesaj ak tèks powetik/pozitif gwoup la kontinye ap lage apre 6 lane, chak kote nou tande ASID pa neglije reponn : MÈCH LANP PWEZI !!!
Hakim7
コメント